Konbyen fwa ou viktim vyòl ?

Konbyen fwa ou viktim vyòl ?

« Nan pozisyon sa yo, medam yo pa fin konn sa yo vle. », « Timoun, pa konn gen rezon devan granmoun. » Lakay nou, chaje lòt fraz tankou de sa yo, ki banalize akò ak pawòl 2 kategori moun sa yo: timoun epi fanm. Yon fason pou mennen toude nan yon pozisyon moun ki la pou lòt domine. Gwo tèt chaje pi plis toujou, lè w tonbe sou yon tifi, yo pa vrèman aprann li di sa l vle ak sa l pa vle, epi ki konnen l pa gen chans pou gen pyès rezon devan yon granmoun. Nan kondisyon sa yo, konbyen ka vyòl nou anrejistre sou timoun yo, espesyalman tifi nou yo ? Konbyen fanm nou kwaze k ap plenyen: malgre m te di misye non ?

Yon moun yo vyole pa sèlman soufri nan moman aksyon an ap fèt la. Li viktim yon vyolans fizik, men tou se yon moun ki kòmanse pote yon soufrans sikolojik epi sosyal. Pami kèk efè sikolojik, yon moun ki sibi yon vyòl kòmanse pote yon etikèt viktim li pa chwazi, li kòmanse trennen yon perèz kwaze ak bouwo li a, e li ka menm kòmanse wè nan chak moun ki pwoche l yon moun ki ka vyole l.Anplis, moun sa sikolojiman afebli (pèdi estim,tantativ touye tèt li). Sosyalman, moun lan vin kategorize.

Denonse yon vyòl pa fasil. Silans viktim nan depann de efè alafwa sikolojik epi presyon sosyal l ap konnen. Koupe kontak avèk antouraj li se yonn nan premye twoub sikolojik dirèk, yon moun ki sibi vyòl kwaze, nan eseye rasanble idantite l, ki chanje preparasyon l. Nan atik : Les viols en Haïti : aspects psychologiques et sociologiques des crimes sexuels (OBRILLANT Damus, avril 2019), etap sa yo rele l, phase de marge, lè se pa volonte viktim lan. Lè se volonte l li se auto-exclusion du monde social. Premye a se yon etap plizoumwen pasajè, dezyèm ka konn pi pwofon.

Men tou, viktim lan konn oblije kenbe vyòl sou silans pou anpil lòt rezon. Nan lang franse, yo pale de : culture de non dénonciation du viol, ki se yon pakèt obstak, pi souvan sosyal, viktim lan konn kwaze ki anpeche l denonse zak li sibi a. Kèk nan obstak sa yo :

Vyòl ki pa vyòl

Nan sa nou kwè ak sa yo egzije kòm prèv, yon fi ki di li viktim vyòl dwe gen mak kou moun ki vyole l la sou li. Se yon fason nou konfonn vyolans ak vyòl. Gen moun ki refize admèt vyòl konjigal. Konsa tou, yon fi, yo vyole nan yon chanm gason, premye kesyon l resevwa se « kisa l t al fè? ». Sa yo se kèk ka vyòl sosyete a konn ap eseye banalize.

Li te chache l

Lè yo vyole yon moun, premye kesyon konn pi souvan vire sou viktim lan. Sou lavi seksyèl li, fason l t abiye, kote li te ye, kilè li te ye epi ki lyen gen ak moun lan. Kòmsi li plis nòmal pou yon moun ap mache siveye pou yo pa vyole l tanke yo chache limite epi pini zak vyòl k ap komèt yo. Kòmsi gen yon jan fi a abiye pou li al yon kote, a tèl lè poukont li, sa vle di li bay konsantman l a tout moun ki vle. Gen yon vi moun lan ap mennen se kòmsi li mete tèt li nan domèn byen piblik.

Konsantman

San chache defini konsantman, moun ki komèt vyòl yo ak lòt k ap chache jistifye zak la konn pran reyaksyon oubyen absans reyaksyon viktim lan, kòm defans. Nou souvan tande nan bouch moun : pouki manzè pat fè bri ? Pouki li pa chache defann li ? Manzè te mouye. Pouki madanm lan te toujou ret avè l, li pat kite l?

Stati sosyal vyolè a oubyen plas li nan vi viktim lan

Yonn nan pigwo koz silans viktim yo. Mank konfyans nan sistèm jistis peyi pou pini nòmalman yon vyolè san patipri pou tit ak ran sosyal epi absans mezi sekirite pou yon moun ki pot plent oubyen ki deside antame yon pouswit, kenbe anpil viktim sou silans. Chaje viktim vyòl kote se paran, fanmi, pwofesè, anplwayè (moun ki gen yon pozisyon otorite sou viktim lan) ki komèt zak la. Moun k ap pote konsèy ou di mwens nan pwòp refleksyon viktim lan, li konn pi rezonab pou pa pale de vyòl sa. Ki sa nou ka repwoche on moun yo vyole, si l pa gen pyès asirans y ap pini vyolè a tout bon san kenn patipri? Èske li fasil oubyen posib pou yon moun ki sibi vyòl, pote plent epi kontinye viv ak vyolè nan antouraj li ? Epi aparans ak sousi pou kenbe prestij ( yon fanmi, yon enstitisyon, yon gwo chabrak) konn fè nou refize konsidere yon moun kèlkonk, tankou yon prezime vyolè. Kòmsi vyòl la plis yon kesyon plas ou okipe, klas sosyal. Ou pa ka akize entèl tèljan, li se yon… se konsa nan atik Juno7 pibliye a, yon nan rezon oubyen defans madanm lan genyen pou pat denonse vyòl sou pitit fi li a, se sousi pwoteje maryaj li.

Paske yo fè n konprann, denonse yon zak vyòl ka gate repitasyon yon moun epi gen move enfliyans sou bagay ki gen lyen ak vyolè a. Yo souvan fè moun ki viktim lan konprann, li responsab deranjman plent li an ap pote nan lavi sosyete a. Yon fason pou kenbe moun lan nan silans. An verite, nan sa ki etabli kòm lòd sosyal, kélkeswa moun ki komèt yon zak lalwa entèdi dwe sibi kondanasyon ki etabli pou sa. Nenpòt lòt ki viktim dwe jwenn garanti dwa l. Tous sont égaux devant la loi, et ont droit sans distinction à une égale protection de la loi. (article 7, Déclaration universelle des droits de l’homme).

Konbyen fwa moun yo vyole yo viktim nan sosyete a ? Anplis de vyòl yo sibi a, zouti yo mete kòm obstak pou anpeche yo denonse zak sa, èske se pa yon lòt fòm vyolans sou dwa yo ? Èske, pataje ant krent nouvo koudèy sosyete a ap pote sou li antanke viktim ak perèz ensekirite l parapò ak bouwo li ki pa pini an, se pa pwolonje soufrans yon viktim ? Pandan nou ta sipoze etidye posiblite pou diminye vyòl nan sosyete a, pouki nou chwazi banalize zak la epi jete fot la sou viktim lan ? Ki posiblite nou mete pou pwoteje viktim lan epi ede l pale, nou kreye ?

Samuela

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Please wait...

Inscrivez-vous à notre lettre d'information

Voulez vous être notifié de nos derniers articles? Entrez votre nom et votre adresse électronique.