Nan kesyon vyolans, yon sèl fwa gentan twòp !

Nan kesyon vyolans, yon sèl fwa gentan twòp !

Malgre entèvansyon lajistis ak divès kalte kanpay ògazinasyon dwa moun espesyalman asosyasyon dwa fanm ap mennen kont vyolans, nou kapab konstate se youn nan sijè ki toujou ap fè aktyalite nan peyi nou, Ayiti. Sou tout fòm li prezante yo, vyolans lan konn pafwa jwenn soutyen yon bon moso nan sosyete a ki ta vle pran l epi transmèt li pou nòmal. Konsa, nou wè tifi ak fanm yo, se gwoup moun ki plis sibi zak vyolans k ap gangrennen nan sosyete nou an.

RefAyiti

Kijan yo defini vyolans ?

Vyolans se lè yon moun itilize pawòl nan bouch li osnon fòs ponyèt li pou fòse yon moun oubyen yon gwoup moun fè yon bagay ki pa nan volonte yo. Se yon zak ki ka mennen domaj sou pwen fizik ak mantal, li ka menm koz lanmò tou. Fòm vyolans moun ka sibi yo anpil. Gen vyolans vèbal, vyolans sikolojik, vyolans sosyal, vyolans ekonomik, vyolans sprityèl (ki gen rapò ak relijyon, sou tout fòm), vyolans fizik, vyolans seksyèl epi asèlman. Nan atik sa a, fòm vyolans ki plis enterese nou se vyolans seksyèl la.

Kilè nou ka pale de vyolans seksyèl ?

Vyolans seksyèl la, se tout jès ak tout aksyon ki gen tandans seksyèl yon moun fè sou yon lot san konsantman li. Li gen ladan l vyol, atouchman, ak lot presyon ki ka pouse yon moun adopte yon konpòtman seksyèl ki ka rabese pèsonalite l. Vyolans seksyèl la se yon zak kriminèl lalwa pini. Asèlman jan nou sot di l anlè se yon zak vyolans tou. Yo konsidere l tankou zak kriminèl menmjan ak sa nou rele vyolans sekyèl la. Asèlman an li menm, se lè yon moun tounen yon pongongon pou yon lòt. Li ka fèt pa egzanp fas a fas, pa telefòn, sou entènèt (Cyberharcèlement, nan lang franse), kote moun lan pa sispann menase lòt la, atake vi prive l, elt. Sa ki pase anba pye dwa li genyen pou pale ak moun ki fè li plezi, epi pwoteje sa ki konsène vi prive li.

Tout fòm vyolans sa nou sot site la yo, fèt san konsantman moun ki sibi yo a. Konsantman sou plan seksyèl, se lè moun lan asepte oubyen dakò san fòse pou antre nan yon rapò seksyèl ak yon lòt. Sa vle di, moun lan fè chwa sa a ak tout bon nanm li sou li, ak tout kapasite mantal li (moun ki pa ni dwoge, ni kaladja ak alkòl, ki pa gen yon maladi nan tèt kèlkonk) epi gen matirite legal (laj lalwa mande pou sa) pou asime chwa sila.

Dapre Sant Ayisyen pou Rechèch ak Aksyon pou bay fanm jarèt (Centre Haïtien de Recherches et d’actions pour la Promotion Féminine), nan lane 1996, 70% fanm ayisyen te avwe yo sibi yon zak vyolans kèlkonk. Nan entèval 2004-2005, pousantaj fanm ki te sibi vyolans fizik depi nan laj 15 zan yo, te 27%. Zak vyolans sou fanm sa yo, malgre tout domaj y ap pote nan sosyete a, sanble antre byen fon nan vi nòmal anpil moun. Pa janm gen twòp ijans pou denonse zak sa yo, ni pou pran oserye kanpay k ap fet nan lide pou evite yo kontinye fèt. Danje ki genyen epi ki tounen yon antrav kont travay ki kòmanse pou konbat vyolans sa yo, se fason moun yo pran vyolans lan tankou yon zak nòmal nan lavi yo. Rapò EMMUS 6 (2016-2017) la, dapre Alterpresse, rapòte 17% fanm ayisyen rete kwè li nòmal pou mari yo leve men sou yo.

Leplisouvan, fanm ki sibi zak vyolans swa nan fwaye yo osnon nan antouraj yo, konn plis chache viv ak soufrans sa tanke yo denonse l, yo souvan wont pale sa yo sibi tan pou koupab la kondane oudimwens yo akize tèt yo apre yon zak konsa. Paske sosyete a jous nan syèk sa a, gen yon tandans bay gason dwa sou madanm epi mennaj yo, pwofite ba yo pye tou sou lòt fi. Sosyete a antre tou nan yon lojik jistifye zak vyolans yo, sitou sekyèl, nan konpòtman oubyen nan estil rad viktim lan renmen mete. Jiskaprezan, pa gen anyen ki responsabilize viktim vyolans seksyèl la parapòta konpòtman li afiche osnon rad li mete.

RefAyiti

Kisa lalwa di sou vyolans seksyèl ?

Leta nan peyi nou, te antre nan lis preyokipasyon li yo, zak vyolans k ap vale teren nan peyi a chak jou pi plis. Ke se swa nan chita pale ak lòt peyi oubyen andedan peyi a menm, gen desizyon ki pran kont vyolans, genyen konvansyon ki siyen sou vyolans k ap fèt espesyalman sou fanm ak tifi. Tankou Konvansyon Peyi Ini yo sou derasinay tout fòm vyolans k ap fèt sou fanm ak tifi (Convention des Nations Unies pour l’élimination des violences faites aux Femmes), ki siyen an 1980 epi ki ratifye ane apre a, an 1981. Nan lane 1996 Ayiti te siyen yon lot Konvansyon Oganizasyon Peyi Lamerik yo sou prevansyon, sanksyon ak derasinay vyolans k ap fèt sou fanm (Convention (OEA) sur les préventions, sanctions et l’élimination des Violences faites aux femmes). Konvansyon sa te ratifye an 1997, li pote non Belém Do Para. An 2005, yon dekrè prezidansyèl kondane pou krim, tout zak vyolans seksyèl, kelkèlanswa li konsome oubyen senpman tante. 10 zan bourike (travay fòse) se sanksyon ki prevwa pou tout moun ki ta tante osnon komèt yon zak vyolans seksyèl.

Yon moun ki sibi vyolans seksyèl, kidonk yon moun yo vyole, se yon moun yo atake non sèlman nan fizik li, men tou li se yon moun ki pral sibi domaj sikolojik tou parapòta zak sa li viktim lan. Sa vle di ni kò li, ni lespri li, ta dwe resevwa laswenyay yo chak merite. Premye aksyon ki toujou konseye pou moun sila oubyen moun antouraj li ta dwe poze, avan twa jou se pran wout yon sant sante, pou evite viktim lan genyen maladi moun pran nan fè bagay, pou evite tou yon ka gwosès. Li ta dwe tou mande lopital la yon sètifika pou mennen ka a devan yon jij de pè. Men, jwenn sètifika a, konn yon demach ki chaje ak konplikasyon. Epi tou mwayen ekonomik, konn anpeche moun yo rive jwenn swen ak sipò ka yo merite. Nou vle fè konnen, gen plizyè regwoupman fanm k ap milite kont zak vyolans, ki toujou prè pou bay sipò yo ak kategori fanm ki viktim oubyen ki pa sispann sibi zak vyolans nan antouraj yo, menm nan fanmi yo.

Vyolans, se yon zak ki atake diyite epi ki boulvèse sitiyasyon sikolojik moun, se pa yon zak ki ta dwe rete san pinisyon nan sosyete nou an. Ni pou se ta yon ti gwoup privilejye ki gen dwa jwenn jistis yo, lè yo viktim. Nan sans sa, Leta ta dwe chache tout mwayen posib pou atake nan rasin pwoblèm vyolans seksyèl sosyete nou an ap konnen. Mwayen tankou : sansibilize moun yo plis, mete bon jan sekirite, pou lajistis pran vyòl la oserye epi kondane tout moun ki ta komèt yon aksyon konsa.

Yon moun ki sibi yon zak vyolans seksyèl pa yon moun pou nou ta ap moke, oubyen yon moun ki ta dwe pote etikèt mal li sibi a. Okontrè, nan solidarite ak li, paran, fanmi, zanmi antouraj li alawonnbadè, ta dwe ofri l soutyen moral. Se pa yon zak tou pou nou ap chache abitye viv ak li, asepte li, mwens siy vyolans ki parèt la nou ta dwe kwape l, pale, pote plent. Se pa yon aksyon pou nou ni aplodi, ni konplis, ni pran plezi nan asiste, paske yon zak vyolans ka anjandre domaj ki pa ka repare.


Samuela Saint-Vil ak Mike Préval

Samuela

Laisser un commentaire

Votre adresse de messagerie ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *

Please wait...

Inscrivez-vous à notre lettre d'information

Voulez vous être notifié de nos derniers articles? Entrez votre nom et votre adresse électronique.